Ki sa ki Enèji Renouvlab?
Enèji renouvlab se yon fòm enèji ki soti nan resous natirèl epi ki renouvle rapidman pa pwosesis natirèl. Aprann plis bagay sou sous enèji renouvlab yo.
Enèji van
Moulen van (turbin van) yo itilize van fò e konstan pou pwodui elektrisite. Enèji van an pa emèt okenn polisyon epi li gen anpil ti enpak sou tè a. Enèji van ka pwodui nenpòt kote van an soufle avèk yon fòs konstan.
Enèji Solè
Selil solè yo, ki fèt ak silikon, konvèti enèji solèy la an elektrisite DC, oubyen kouran dirèk. Kouran DC a konvèti an AC, kouran altènatif, sa ki bay yon fòm enèji pwòp pou bay kay ak biznis kouran.
Enèji idwoelektrik
Baraj yo bay elektrisite lè yo kanalize dlo desann yon goutyè epi pase sou yon turbin ki lye ak yon dèlko. Enèji idwoelektrik konsidere kòm renouvlab depi li pa gen okenn enpak negatif sou kalite dlo a ak sou abita bèt sovaj yo.
Enèji jewotèmal
Enèji jeotèmal la pwodui pa vapè, ki ka konvèti an elektrisite apati dlo cho ki jwenn byen fon anba sifas Latè. Plant jewotèmal yo pa emèt anpil polisyon nan lè a epi yo gen yon enpak minimòm sou anviwònman an.
Byomas
Matyè òganik, yo rele byomas, boule nan yon ensineratè pou pwodui enèji. Yo kapab konvèti byomas tou an yon gaz ki ka pran dife, sa ki pèmèt pi gwo efikasite ak yon pèfòmans ki pi pwòp.
Monitè Enèji Pwòp
Gade done an tan reyèl ki gen rapò ak jenerasyon enèji pwòp LADWP a.
Liv pou Timoun – "Lavni Enèji Pwòp Los Angeles"
"Los Angeles Clean Energy Future" bay enfòmasyon sou kijan LADWP aktyèlman bay elektrisite nan Vil Los Angeles epi li rezime tou fason li prevwa satisfè bezwen enèji nan lavni lè li ogmante depandans li sou sous enèji renouvlab ak konsèvasyon. Kontni liv la amelyore grasa ilistrasyon kolore ki pral atire timoun kou granmoun san distenksyon. Liv sa a bay tou fason timoun yo ka ede ekonomize enèji.