Kat Pwojè a

Deskripsyon Pwojè a

LADWP te konstwi yon nouvo chemen beton sou Tesla Avenue, ant West Silver Lake Drive ak Armstrong Avenue, jis nan nò Rezèvwa Ivanhoe. Pwojè a te gen ladan l konstriksyon yon twotwa sou pwopriyete LADWP, jis nan nò Rezèvwa Ivanhoe, ki bay yon nouvo chemen beton, ban, ak aksè nan yon plantasyon oliv. Ekip konstriksyon LADWP yo te fè konstriksyon an, avèk asistans ekip ki soti nan Depatman Travay Piblik Vil Los Angeles, Biwo Sèvis Lari yo pou konstwi twotwa a ak rigòl la.

Objektif Pwojè a

Pwojè Chemen Tesla Avenue a se yon efò mitigasyon anba Pwojè Tinèl Kontournman Silver Lake la. Se yon amelyorasyon lari-twotwa pou amelyore sekirite pyeton ak machin toupre pwopriyete rezèvwa a. Pwojè a te finanse pa LADWP kòm yon pati nan Pwojè Tinèl Kontournaman Silver Lake la. Pwojè sa a te fini nan mwa Out 2012

Enfòmasyon pou kontakte LADWP

Pou plis enfòmasyon konsènan pwojè sa a, tanpri voye yon imèl bay [email protected] oubyen rele Helen Olivares nan (213) 367-1052.


Mizajou 23 avril 2013