Kijan pou rapòte fwòd, move konduit, gaspiyaj ak abi resous vil la

Ou ka ede LADWP kontwole depans yo epi opere avèk efikasite lè w rapòte ensidan fwod, move konduit, gaspiyaj ak abi resous Vil Los Angeles yo obsève oswa yo sispèk.

Ou gen opsyon pou soumèt yon rapò swa nan non w oswa anonimman, 24 èdtan pa jou, 365 jou pa ane, lè w kontakte:

  • Liy Dirèk Kontwolè Minisipal la pou Kontwole Fwòd – Pa telefòn nan (866) 428-1514, oubyen sou entènèt atravè sitwèb Kontwolè Minisipal la nan https://controller.lacity.gov/fwa.
  • Liy Dirèk pou Denonsyasyon Komisyon Etik Vil la (CEC) – Pa telefòn nan (213) 978-1999 oubyen (800) 824-4825.
     

Lè w ap depoze yon rapò ak Liy Dirèk pou Denonsyasyon CEC a, ou ka vle konsidere ke li te etabli pa Seksyon 702(g) Konstitisyon Vil Los Angeles la pou adrese akizasyon ki gen rapò ak finansman kanpay, lobi, etik gouvènman an ak konfli enterè.

Rapò ajans Vil sa yo resevwa yo pral trete konfidansyèlman nan limit lalwa pèmèt jan sa espesifye nan Konstitisyon ak Kòd Administratif Vil Los Angeles la.